top of page
Search

KREYÒL, YON LANG YON PÈP !

  • Writer: Nephthalie Colas
    Nephthalie Colas
  • Nov 13, 2021
  • 3 min read

𝗞𝗿𝗲𝘆ò𝗹, 𝗬𝗼𝗻 𝗹𝗮𝗻𝗴 𝘆𝗼𝗻 𝗽è𝗽!


Pou lanmou lang manman nou kreyòl. Pou sila yo k ap batay pou ba l jarèt !


Li te ka sèlman yon mwayen pou di kichòy, yon fason pou lide nou fè chimen e menm pi bon fason pou layite nannan panse n. Li te ka tout siy ak senbòl ki manifeste langaj nou, ki kreye diferans ant pale n ak pale lòt kretyen vivan sou tè a. Menm jan an tou, li te ka limite avèk yon bann akò, règ gramatikal, yon latriye mo ki fòse nou fè yon itilizasyon òdinè e menm sipèfisyèl pou tante kenbe l vivan. Poutan, esans li depase tout detay ki senp.


Li se vwa nou. Raj kap bouyi anndan n. Ansyen doulè nou yo ki makònen ak anvi pou n ret vivan. Yon fenomèn konplike ki donnen yon atachman solid, sa vle di youn nan pi gwo lyen ki kenbe nou konekte youn ak lòt.


Se nan melanj plizyè varyete lang zansèt nou yo ak fransè kolon an, met sou li san viktim yo, dwa lavi ou lanmò sou yon bann inosan, dwa pou deside ki chatiman ki rezève pou swadizan peche yo fè, dwa pou deside nan plas yo sa kap bon pou yo, kreyòl la pran nesans. Se pa yon lang ki prezante kalite estetik sèlman pou etone moun, se yon mwayen rezistans ak rebelyon fas a yon sistèm kriminèl ki tap toupizi nou.


San okenn chita pale, etranje yo enpoze gran paran nou yo yon desten. Nan anyen, yo pa ensilte entèlijans ak bon sans lè yo te deside bay lavi a yon lang yo tout ka manipile san difikilte, nan lide pou chape anba tretman pèsonn pa gen dwa enflije yon lòt, sou pretèks li pi plis pase l.


Pale kreyòl se pale ak nanm nou, se pale ak emosyon okenn lòt lang p ap pèmèt nou. Se pale ak fason nou wè mond lan. Se pale ak konsyans nou, ak tout sa ki defini n. Se di byen fò kalte batay n ap mennen chak jou, se di byen fò tout sa n dwe ye, tout sa n vle ye. Kelkeswa kreyòl la, se menm koulwa limyè a, se menm fyète a, se menm fòs la ak menm lanmou an.


N ap pale kreyòl pou prezève richès sila. N ap pale kreyòl pou konsève pati sa nan idantite n. N ap pale kreyòl pou n kontinye reziste fas a esklavaj lengwistik la ak sistèm k ap fè n konprann nou pi moun, pi prezantab, pi entèlijan si n eksprime n nan lang mouche blan an. N ap pale kreyòl nan non tout grandèt ki te batay pou nou, ki te kase chenn nan pye n, ki te ban nou libète pou n pale menm jan ak tout pèp nan yon lang ki pou nou, ki rele nou chè mèt, chè mètrès.


N ap selebre l toupatou. N ap selebre l chak jou, nap selebre l tout jan. N ap selebre l ansanm. Se lang mizè nou. Se lang espwa n. Se sèl lang ki bann posiblite pou n di sa n panse san wout kwochi.


Se yon lang ki chaje ak mizikalite e se alafwa yon pakèt tradisyon oral, eritaj onèt ak chay lavi nou. Se posiblite pou n reyenvante n e pwogrese chak jou pi plis. Se nou menm, sou yon lòt fòm!


Otè: Nephtalie COLAS




 
 
 

Comentarios


BOOK YOUR TOUR NOW

Email: info@leparadishaitien.com

Tel:    (+509 ) 3354 3735 / +1 561 215-2751

FOLLOW US

 

© 2021 by Le Paradis Haitien. Proudly created with Le Paradis Haitien

  • Facebook Clean
  • Instagram Clean
  • Twitter Clean
bottom of page